Kreyòl Ayisyen
Remak: Pou ou konsilte sitwèb sa a nan lang ou pi pito a, tanpri itilize yon navigatè wèb modèn ki ap pèmèt ou tradui sitwèb sa a otomatikman nan lang ou pi pito a gras a ekstansyon ak konpleman. Nou kontan ba ou resous ak enfòmasyon ki pi ba yo, men nou konseye ou eksplwate youn nan opsyon tradiksyon navigatè a ofri pou ou kapab egzamine tout sitwèb sa a pi byen. Tanpri jwenn plis enfòmasyon sou tradiksyon navigatè wèb. |
---|
Se misyon nou pou nou fè sa ki ap pi bon an pou tout moun ki vini lakay nou.
Nan Mass General Brigham, nou gen moun ki gen pi gran konesans nan medsin ki ap travay avèk ou. Kèlkeswa pwosesis swen an, Mass General Brigham la pou reponn a bezwen tout pasyan epi pou ba yo swen yo merite.
Konsilte manm Mass General Brigham yo pou ou jwenn plis enfòmasyon sou sant medikal inivèsitè yo, lopital kominotè epi espesyalize, ak lòt òganizasyon ki fè pati sistèm swen sante nou an.
Jwenn Swen:
- Itilize enstriman enfòmatik Jwen yon Doktè nou an pou ou jwenn enstans ki bay premye swen oswa espesyalis ki ap reponn a bezwen ou yo pi byen.
- Jwenn aksè a Pòtay Pasyan, pòtay sante anliy nou an ki ofri yon mwayen ki pratik, efikas, epi ki san fay pou ou jere sante ou, pou ou kominike avèk kabinè doktè ou a epi pou ou jwenn swen apati yon vizit videyo.
- Itilize repètwa lokalizasyon nou an pou ou jwenn yon lopital Mass General Brigham, kote pou ou jwenn swen ijan, reyadaptasyon, ak lòt kote toujou.
- Dekouvri divès tip swen yo ofri nan sistèm sante nou an.
- Konsilte pakou bis ki fè navèt nou yo ak enfòmasyon pou ede ou ale nan pwochen randevou ou a.
Resous ak enfòmasyon ki itil pou pasyan
- Peye bil ou epi konsilte plan asirans sante Mass General Brigham aksepte. Ou kapab mande yon estimasyon sou pri epi jwenn repons pou kèk kesyon yo poze souvan sou bil.
- Jwenn plis enfòmasyon sou aplikasyon pou èd finansyè.
- Mande yon kopi dosye medikal ou a.
- Jwenn enfòmasyon sou pwogram Òganizasyon Swen Yon Fason Ki Responsab (Accountable Care Organization) nou an, tankou Pwogram Epay Pataje Medicare (Medicare Shared Savings Program) nou an (Mass General Brigham Medicare ACO) ak MassHealth ACO (Mass General Brigham MassHealth ACO).
- Patisipe nan rechèch klinik: Etidye posiblite pou ou vin pasyan nou pandan nou ap dekouvri fason ki nouvo epi ki pi bon pou trete maladi.
Konsilte seksyon COVID-19 nou an pou dènye mizajou Mass General Brigham yo sou kisa pou ou fè si ou panse ou te ekspoze a COVID-19, a kisa pou ou atann ou si ou se yon pasyan nan youn (1) nan etablisman swen sante nou yo, kisa ki politik vizit nou, ak plis toujou. Ou kapab resevwa mizajou Mass General Brigham sou COVID-19 pa tèks tou nan plizyè lang.